1. Home
  2. Americas
  3. Haiti

Èske Ayiti ka rekonstwi yon sistèm alimantè katastwòf, enjistis istorik ak neglijans kraze ?

“Chak jou, wap gade fanmi w k ap monte desann nan eseye travay on tè ki pa p remèt anyen vre”

Alexandra Antoine/TNH

Lè Angeline Annesteus t ap grandi, li te konn sa k rele bon grangou. Pitit fi yon ti peyizan nan Bèsi, yon vil nan sid peyi dAyiti, li sonje jan l te konn pase plizyè jou san l pa jwenn yon bon plat manje.

Plis pase 30 lane apre, ensekirite alimantè a vin pi grav kounya. Anviwon 4.3 milyon moun, ki vle di sou chak twa ayisyen plis pase youn bezwen yon asistans alimantè ann ijans. Yon sitiyasyon ki kontinye ap vin pi grav akòz plizyè lane enstabilite politik, katastwòf natirèl, neglijans gouvènmantal epi politik komèsyal ki detwi pwodiksyon nasyonal agrikòl la.

« Kondisyon sosyo-ekonomik yo vin pi mal » dapre Annesteus, ki se direktris nasyonal pou ActionAid, yon ONG entènasyonal k ap ede fanm ayisyèn aprann plante, rekòlte, vann manje, achte tè ak diminye efè chanjman klimatik yo.

Annesteus te grandi Tibiwon, nan sid peyi a, youn nan zòn ki bay plis manje. Komin sa a te viktim anpil katastwòf natirèl nan dènye ane yo. Te gen siklòn Matye an Oktob 2016, kote sektè agrikòl Ayisyen an te anregistre plis pase 500 milyon dola domaj. Apre sa, nan dat 14 dawout 2021, yon tranblemanntè fòs 7.2 touye anviwon 2,200 moun, blese 12,000 lòt, kraze wout, enfrastrikti enpòtan ak anpil kay prive. Tanpèt twopikal Gras te vin pase apresa. Yon lòt tranblemanntè, pi fèb fwa sa a, te frape menm zòn lan nan dat 26 Janvye, li te touye 2 moun epi domaje 200 kay.

Tranblemanntè yo ak tanpèt yo non sèlman detwi plantasyon epi kraze sistèm irigasyon, men tou yo detwi mache yo, ak enstalasyon ki pou transfòme epi kenbe manje – de kou sektè agrikòl la paka pèmèt tèt li pran, espesyalman paske pifò nan pwodiksyon mayi peyi a soti nan sid la.

Sa k vin rann pwoblèm yo pi grav toujou se vyolans gang yo ki depase lèbòn anndan kapital la, Pòtoprens, ak nan zòn ki sou kote l, depi asasina prezidan Jovenel Moïse nan mwa Jiyè pase a. Epi enflasyon tèt nèg ki rann menm pwodui premye nesesite difisil pou anpil moun achte. Sa gen kèk jou, yo mete Ayiti nan lis 10 peyi k ap fè fas ak kriz alimantè ki pi grav nan mond lan.

Ekspè yo di pou bezwen alimantè Ayiti yo rezoud, fòk ensekirite a jere anvan : risk kidnaping ak vyolans lan bloke kèk nan operasyon asistans yo. Men dapre yon douzèn analis, ekonomis, moun ki travay nan pwogram asistans ak agrikiltè The New Humanitarian te poze kesyon pou ekri atik sa a, pou rekanpe sistèm alimantè Ayiti a, sa ap mande yon pi bon gouvènans, politik ak mezi ki pap kraze pwodiksyon nasyonal la, ak bonjan sipò donatè yo.

“Kominote k ap fè don an, ak tout aktè imanitè ak aktè devlopman yo gen yon wòl enpòtan pou yo jwe pou reponn a kesyon grangou a an Ayiti”, dapre sa Melinda Miles, ki se youn nan fondatris The Haïti Response Coalition (kowalisyon pou entevansyon an Ayiti) apre pasaj tranblemanntè 2010 lan ki te touye ant 100,000 ak 300,000 moun, t ap esplike The New Humanitarian. “Fòk yo envesti nan solisyon ayisyèn, e solisyon ayisyèn yo ap respekte anviwonman an, menm jan agrikilti tradisyonèl la fè l.”

Si n gade nan listwa, agrikiltè ayisyen, te konn plante plizyè kalite semans pou sizoka youn pa ta bon. Men sa ta pral chanje anba lokipasyon amerikèn, nan kòmansman 20tyèm syèk la kote tout envestisman yo te ale nan gwo plantasyon mayi, sik ak kèk lòt semans, dapre Miles.

Depi 2018, pwodiksyon fwi ak legim lan ap bese nan peyi a akòz enstabilite, mank envestisman epi chanjman nan anviwonman an. E menm lè vin gen rekòt kounya, li difisil pou l rive jwenn konsomatè yo. “Gang yo gen kontwòl tout wout ki konekte Pòtoprens ak pwovens yo, epi agrikiltè yo paka rive nan mache yo pou yo vann pwodui yo”, dapre Annesteus, ki pèdi yon ti kouzen 12 lane li te genyen nan tranblemanntè mwa dawout la.

Lane pase, gouvènman Moïse la te devlope epi apwouve yon estrateji nasyonal pou pèmèt peyi a granmoun tèt li nan zafè manje ak sekirite, men akòz sitiyasyon enstabilite a, pèsonn pa konnen si nouvo politik sa a pral aplike, ni kiiè l pral aplike.

Pandan tan sa, pri manje kontinye ap monte.

Nan kapital la, pri yon ti sak diri, ki peze anviwon 2,7 kilogram, double, li monte 500 goud (5usd) nan dènye ane yo, pandan pri yon pake espageti prèske rive 55 goud, dapre Adeline Chery, yon kizinyè 56 lane k ap travay nan yon kay prive.

Bagay yo pi mal toujou nan zòn sid la, ki te pi afekte nan tranblemanntè mwa dawout la. Nan Jeremi, 200 km alwès Pòtoprens, pri yon sak diri 12.5 kg se 3,600 goud (35USD) dapre sa Roselaine Milfor, yon kwafèz 36 lane, di nou. Li di The New Humanitarian nan telefòn : “Menmsi w rive fè yon 500 goud (5USD), kòb la pase nan men w vit.”

Lè pa gen manje, gen kèk Ayisyen ki manje tè – yon bonbon plat ki fèt ak tè, sèl epi epis ki ajoute yon ti kantite grès ak mineral. Yo konn bay fanm ansent ak timoun manje bagay sa a yo rele "bonbon tè" a pou endijesyon.

Rasin kolonyal pwoblèm nan.

Lè Ayiti te tounen Premye Repiblik Nwa nan monn lan nan lane 1804, pri yo te fòse l peye a te lou. Lafrans te enpoze l yon gwo dèt, swadizan pou dedomaje pwopriyetè - ak esklav - li te fè l pèdi.

Dèt sa a yo te fòse peyi a peye a, vo anviwon 21 bilyon dola (21 B USD), lajan ki te ka sèvi pou fè wout, sistèm irigasyon ak lòt pwojè enfrastrikti ki t ap ka bay sektè agrikol la sipò pandan lontan. Sa te pran Ayiti plis pase yon syèk pou peye dèt sa.

Ak yon varyete semans de baz, nasyon karayibeyènn nan te ka jere tèt li nan zafè manje jouk nan mitan ane 1800 yo. Apresa, anba presyon Lèzetazini ak òganizasyon entènasyonal yo, Ayiti te dakò liberalize komès li epi bese tarif sou enpòtasyon yo sot nan 50% pou tonbe nan 3%, konpare a mwayènn rejyonal la ki te 38%. Sa te ouvri pòt la gran pou diri sibvansyone Lèzetazini yo, epi sa fèt san mizanplas ankenn politik akonpayman pou pwoteje pwodiktè manje lokal yo ki pa t ka kenbe konpa a ak pakèt enpòtasyon pi ba pri sa yo.

Annesteus, ki te fèt an 1983 epi ki te wè sa paran li te sibi anba politik sa yo, te esplike nou : “Desizyon sa yo lakòz anpil agrikiltè ayisyen fè fayit. Chak jou, wap gade fanmi w k ap monte desann nan eseye travay on tè ki pa p remèt anyen vre.”

Liberalizayon komès la te kraze endistri tradisyonèl volayaAyisyèn nan, nan ranplase poul lokal ki grandi nan lakou, ki te pran 4 mwa pou grandi, ak poul ameriken ki grandi nan 1 mwa ak metòd agrikilti endistriyèl.

Ayiti blan franse yo te rele “la Perle de Antilles “ la, ki te gran ekspòtatè sik, kafe, ak zoranj si konpani Grand Marnier te itilize nan bweson li, jodi a depann anpil de enpòtasyon manje.

Jodi a 80% diri, lwil ki pou kwit manje, ak preske mwatye nan tout manje ki konsome an Ayiti se pwodui enpòte, dapre FEWS NET, yon gwoup Lèzetazini sponsorize, kap etidye evolisyon famin.

Nan mwa Mas 2010, de mwa apre gwo tranblemanntè a, Bill Clinton – ki te prezidan Lèzetazini lè kèk nan aranjman liberalizasyon komès yo te antre an aksyon – te eskize l poutèt li te defann pakèt politik sa yo ki te toupizi sektè agrikòl peyi a.

Plis enfòmasyon : Pwoblèm manje enpòte ak lasante an Ayiti.

Evolisyon, degradasyon ak manipilasyon pwodiksyon alimantè ayisyèn nan pote chanjman nan abitid alimantè anpil ayisyen. Diri ranplase anpil lòt manje depi 30 dènye lane yo, e nou remake yon ogmantasyon nan enpòtasyon manje anbwate.

Dapre Action Against Hunger, enpòtasyon diri a soti 7mil tòn nan lane 1985 pou rive 400 mil nan lane 2017. Ayisyen te toujou manje diri, men chif sa vle di kounye a se li ki pi enpòtan nan alimantasyon yo e sa gen move konsekans sou sante yo.

“Move alimantasyon, youn ki baze pi plis sou sereyal … kreye pwoblèm grangou ak anemi.”

Lora Iannotti, youn nan rektè pou sante piblik nan Inivèsite Wachintonn nan Sen Lwi, ap viv nan nò peyi dAyiti pou fè yon etid sou nitrisyon pandan 3zan.

Dapre dènye chif Nasyonzini prezante yo, sou 5 timoun Ayisyen anba laj 5 lane, youn soufri kwatchyòkò poutèt malnitrisyon, ki afekte ni devlòpman fizik ni devlòpman mantal, epi prèske mwatye fanm ki nan laj pou yo fè pitit soufri anemi. Anmenmtan anpil Ayisyen ap vin gra – 22,7 % nan lane 2016 konpare a 19.4% nan lane 2012.

Tout sa yo ka anpeche avansman jefò pou kwape grangou ak malnitrisyon, espesyalman kay timoun, dapre Blanka Blanarova, kowòdinatè an chèf evalyasyon nitrisyonèl pou Action Against Hunger nan peyi Angletè.

Men depi anvan tranblemanntè 2010 la, agrikiltè yo pa t gen "ni soutyen finansye, ni zouti teknolojik, ni edikasyon", dapre sa Fritz Alphonse Jean, prezidan Enstiti Politik Piblik Ayisyèn (INHOPP) epi youn nan ansyen prezidan Bank Repiblik dAyiti a(BRH), te di The New Humanitarian. "Si nou gade ki kredi labank akòde sektè agrikòl la jounen jodi a nou ka konstate li pi piti pase 2%. Sektè sa a te toujou neglije nan istwa ekonomik Ayiti a."

Dinamik asistans entènasyonal yo te jwe on wòl nan rann sitiyasyon an pi tèt anba toujou. Ajans tankou World Food Program bay yon asistans alimantè pou moun ki bezwen sa. Menm lè WFP di li kòmanse achte plis manje nan men agrikiltè lokal yo, selon sa yo di, majorite manje yo se aletranje yo oblije achte yo, poutèt pwodiksyon lokal la paka ba yo tout kantite yo bezwen yo.

Nan mwa oktòb 2010 la, Oxfam International te pibliye on rapò ki kritike jan asistans alimantè entenasyonal la kontinye koupe zèb anba pye agrikilti lokal la, pandan tou li te mande pou yo fè don pou devlope sektè a pito. Ak tout sa, dizan apre, bagay yo sanble yo pa vrèman chanje.

Sa te “vreman fistran pou nou wè tout manje ki ta pral nan sid la” apre tranblemanntè mwa dawout la, dapre Miles, yon manm Haiti Response Coalition. “Nou te gen òganizatè, mobilizatè sou beton an, ki viv nan kominote yo, epi yo t ap di : Nou ka achte manje nan mache a. Ou pa bezwen voye manje yon kote w ap jwenn manje achte.”

Yon vilnerabilite k ap grandi

Alòske chanjman klimatik la ap akselere bezwen pou refòm ijan fèt nan sistèm pwodiksyon agrikòl Ayiti a, ensekirite a anpeche kèk pwodui rive nan mache yo, sa ki kreye ratman.

Ayiti chita nan mitan yon zòn siklonik. Li nan yon zòn sismik aktif tou. Tout sa rann li vilnerab anpil nan sa ki konsène katastwòf natirèl.

Debwazman rann peyi a pi vilnerab toujou. Yon ratibwaze ki kòmanse sa gen syèk pou te fè plas pou plantasyon sik kolonyal. Sa te andikape pwodiksyon agrikòl la epi ogmante risk inondasyon ak glisman teren yo.

Chanjman klimatik la pral mennen plis sechrès, inondasyon ak tanpèt. Apre chak tanpèt, nap freyatik yo rive gen anpil sèl ladan yo. Lakòz mank zouti nan sektè agrikòl ayisyen an - 60% ayisyen k ap viv an pwovens yo konte sou sektè sa a pou yo travay ak touche – gen mwens rekòt ki rive fèt, sa ki bay plis grangou ak malnitrisyon.

Ane pase nan Global Climate Risk Index la, Ayiti te youn nan peyi ki te pi vilnerab akòz move tan soti 2000 pou rive 2019, pou sa ki gen pou wè ak lavi moun ak pèt ekonomik.

Bazelais Dulience, rektè kanpis Henry Christophe nan inivèsite deta dAyiti a nan vil Limonad, enkyè anpil pou mank irigasyon nan peyi a. “Pi devan, nou pral oblije achte plis manje aletranje ak ti kòb nou genyen an, sa ki pral rann nou pi pòv, epi pral kreye yon tou san fon." Dulience te di The New Humanitarian.

Men pou Marie Bellange Alfred - yon agrikiltris 63 lane ki sòti viktim ni nan tranblemanntè mwa dawout lan ak move lapli vil Kanperen te pran, nou gentan wè kòman demen ap ye.

Li menm, li depann jodia de manje ki sot nan ajans èd yo ak òganizasyon imanitè yo.

 “Lapli pa janm tonbe pou nou plante semans nou yo,” Alfred di The New Humanitarian. “Pi mal, nou pa gen irigasyon… kifè sèl espwa nou se sou lapli a.“

Dapre Bank mondyal, mwens pase 5% agrikiltè ayisyen te gen sistèm irigasyon sou tè yo an 2013. Depi lè a, anyen pa vrèman chanje.

Yon ti moso lespwa

Premye minis Ariel Henry pwomèt eleksyon ap fèt ane sa, menm si li poko bay dat.

Yon kowalisyon jiris ayisyen ak gwoup nan sosyete sivil la pwopoze enstale yon gouvènman tranzisyon pandan 2 lane pou pemèt yon sèten estabilite. Henry li menm gen yon lòt plan : li vle mete sou pye yon konsèy elektoral pwovizwa pou eleksyon ka fèt. Lendi ki sot pase a, opozisyon an te chwazi Jean, ansyen gouvènè bank santral la, kòm prezidan provizwa peyi dAyiti. Henry, ki sèvi peyi a prezidan nan moman an, pa rekonèt sa.

José Luis Fernandez, direktè lokal UN Food and Agriculture Organisations (FAO) an Ayiti, di nouvo strateji sou alimantasyon ki te apwouve ane pase a ka chanje politik enpòtasyon yo ki ap domaje peyi a, an menm tan y ap ka bay pwodiksyon lokal la plis sipò.

Li ka tou kraze dappiyanp elit yo fè sou mache pwovisyon alimantè a, dapre Fernandez. Yon etid Bank Mondyal te mennen an 2016 te revele gen sèlman de(2) konpayi ki domine mache Ayisyen an nan zafè lwil palmis ak lòt lwil vejetal ak animal.

Katòz komès lokal mete sou pye Alyans Sistèm Alimantasyon Lokal an Ayiti nan lide amelyore pwodiksyon ak salè anpil agrikiltè. ACCESO – yon antrepriz sosyal k ap travay an Ayiti, an Kolonbi ak nan Salvadò – se youn nan manm alyans sa.

Apre tranblemanntè mwa dawout 2021 an, ACCESO achte epi bay anpil fwi, legim ak semans lokal bay moun ki te afekte nan katastwòf la. Kounya l ap travay pou fè plis kit ak manje lokal pou kominote ki viktim yo.

“Youn nan pwoblèm ki genyen nan jwenn don pou sektè agrikòl Ayisyen an se mank pwojè ki pare pou resevwa envestisman oswa sipò filantwopik. Pandan tan sa gwo travay la, ki se kreye nouvo chèn apwovizyonnman alimantè, poko fèt... e li dwe fèt,” se sa James Jenkin prezidan ACCESO a, te di The New Humanitarian.

Paolo Silveri – direktè lokal pou Fon Entenasyonal pou Devlopman Agrikòl la (IFAD), k ap ede agrikiltè yo nan zòn sid la devlope solisyon adapte a chanjman klimatik la – esplike se 5 prensip ki pou aplike pou peyi a soti nan sa l ye a la a, ki se sekirite, estabilite, envestisman, ranfòsman enfrastrikti ki egziste deja yo, epi travay.

“Tout sa yo kreye epi ogmante chans pou majorite moun ka byen viv lakay yo. Emigrasyon jenès ayisyèn lan se youn nan pi gwo maleng ki mete peyi a nan eta li ye a jounen jodi a,”dapre li.

Plis pase 1.7 milyon ayisyen kite peyi a depi tranblemanntè 2010 la. Plizyè milye kite peyi a tou nan ane ki sot pase yo poutèt vyolans gang k ap ogmante.

Malgre tout obstak sa yo, Annesteus rete optimis sou lavni peyi dAyiti. Pou pwouve sa, li pran egzanp sou eksperyans pwòp fanmi l.

Anjwèt konsa, paran li te voye l lekòl pou li pa t bezwen tounen travay latè. Bous detid pèmèt li al etidye Venezuela ak Etazini, men kanmenm li tounen Ayiti pou li pote patisipasyon pa l.

Malgre koze tit pwopriyete te toujou yon pwoblèm isit, paran li te kontinye travay latè epi kounya – apre plizyè ane ap rasanble lajan - yo rive achte ti bout tè pa yo a.

Ti sè Annesteus la te pote men pou bati premye sant sante kominotè nan Bèsi – youn nan kèk sant sante ki t ap bay premye swen apre tranblemanntè mwa dawout la.

Youn na frè li yo, pandan tan sa, t ap etidye dwa, men kounya li kòmanse etidye agwonomi.

Annesteus di : “Rèv la se pou moun tankou m yo, tankou sè m ak pakèt lòt moun ki konnen kisa grandi nan lamizè ye, mete tèt ansanm pou sipòte kominote a. Sou sa, mwen rete optimis... ”.

Sarah Jean ak Evens Mary fè repòtaj sa depi Pòtoprens, Ayiti.

 Thin Lei Win fè repòtaj sa depi Wòm (Rome) an Itali.

Desen yo se Alexandra Antoine ki fè yo depi Chikago, Lèzetazini.

Paisley Dodds korije atik sa depi Lond, Wayom Ini.

Nòt desinatris la : mwen apresye konvèsasyon k ap fèt anndan atik sa a konsènan rasin sitiyasyon alimantè Ayiti a. Paske twò souvan, yo pale sou jan sa ye a kounya, san kontèks. Antanke Ayisyèn – Amerikèn ki entèrese anpil nan sistèm alimantè ak agrikilti, li enteresan pou mwen konnen epi konprann kòman pwoblèm politik ak sistemik enfliyanse sistèm alimantè nou an, pandan travay òganizasyon ak konvèsasyon ki gen rapò ak agrikilti epi ensekirite alimantè an Ayiti kontinye enspire m epi motive m.

Share this article

Get the day’s top headlines in your inbox every morning

Starting at just $5 a month, you can become a member of The New Humanitarian and receive our premium newsletter, DAWNS Digest.

DAWNS Digest has been the trusted essential morning read for global aid and foreign policy professionals for more than 10 years.

Government, media, global governance organisations, NGOs, academics, and more subscribe to DAWNS to receive the day’s top global headlines of news and analysis in their inboxes every weekday morning.

It’s the perfect way to start your day.

Become a member of The New Humanitarian today and you’ll automatically be subscribed to DAWNS Digest – free of charge.

Become a member of The New Humanitarian

Support our journalism and become more involved in our community. Help us deliver informative, accessible, independent journalism that you can trust and provides accountability to the millions of people affected by crises worldwide.

Join